- Shwazi
- Travay yon moun ki itilize libète li genyen pou pran nenpòt nan plizyè bagay ki disponib.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Definisyon 2500 mo Kreyòl. 2010.
Seleksyon — Shwazi nan mitan plizyè bagay pou pran sa ki bon an. Yon travay kèk òganism nan kò moun fè pou yo shwazi manje ki fèt pou rete andedan vant moun e ki kontribye pou fè moun gwosi epi voye sa ki pa bon pou kò a deyò … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Eshwe — Shwazi direksyon eshèk. Defayi … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Anile — Anpeshe yon aksyon, yon travay kontinye. Disparèt yon bagay. Kontribye pou anpeshe egzistans yon bagay kontinye. Yon moun ki ap travay sou yon òdinatè kapab anile dènye bagay li soti fè a si li shwazi liy sèvis Shanjman an epi Defèt … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Atitid — Fason yon moun shwazi pou li konpòte li nan mitan lòt moun … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Bouzen — Yon fi ki koushe avèk nenpòt gason san li pa shwazi gason sa yo. Yon poul. Yon moun ki fè lanmou avèk yon lòt moun pou lajan. Yon moun ki vann yon pati nan kò pou lajan … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Dimansh — Premye jou nan yon semèn. Jou nan yon semèn moun legliz Katolik avèk anpil legliz pwotestan shwazi pou yo fè yon gwo seremoni nan legliz yo pou bay Bondye glwa, remèsye li pou sa li fè pou yo. Se jou sa, jou Pak la, Jezi Kris te resisite, soti… … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Divage — Pale de anpil bagay an menm tan san shwazi yon sijè an patikilye. Pale de bagay ki pa kapab fèt e ki pa ap janm fèt. Pale san gen yon rezon pou pale … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Divagè — Moun ki pale de anpil bagay an menm tan san shwazi yon sijè an patikilye. Moun ki pale san genyen yon rezon pou yo pale … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Egzante — Evite yon bagay ki nan wout ki mennen nan destinasyon an. Shwazi yon lòt wout, lòt bagay nan plas yon wout, yon bagay … Definisyon 2500 mo Kreyòl
Egzantè — Moun ki shwazi yon lòt wout pou evite yon obstak sou wout li … Definisyon 2500 mo Kreyòl